mardi 12 avril 2011

Inik (un texte de Jean-Paul GUILLOBEL et Xavier NÉRETTE)

Inik

"Cheve ou jòn tankou pay,
Men pwent tòtòt ou nwa kou chabon,
Twou a pa myèl, li blackawout.

Twou a pa vinn pi dous,
Plis foumi pran gou,
Plis foumi damou,
Sa se foumi fou, ki pi fou.

Devan a plen zèb,
Se sa m' renmen.

Foumi vinn souse,
Foumi vinn pi damou;
Sa se foumi fou, ki fout pi fou.
Yo mòde...po kochon.

Bouch ou mòv,
M' pat vle l’ lavann
M' vide Plezim' byen pwès
Li rete mòv.
Kou yon kayimit,
Ou fenk niche…

Lang ou ròz
Lang yo ròz

Pa gen pi bon ròz.

Pa gen rayi, gen chen,
Dan yo pa pi blanch.

Po men yo dous, po men ou rèk.
Po menw' ka dous, ou te ka renmen li rèk,
Ou vle li dous, men wap travay pou l’ rèk.
Danw' blanch, gen chen, pouki rayi?


Cheve ou jòn tankou pay,
Men pwent tòtòt ou nwa kou chabon,
Se pa dife k’ap fè ou limen;
Se pa limyè kap fè ou klere!
Twou a pa myèl, li blackawout.        

Pito pa gen pay, pase yo an fè!
Ou pat janm plise, pouw' tal' pase fè!
Bondye pat konn sal' tap fè ?

Wap manje agase matlòt,
Wap kouche,
Bòkot vèminn.

Ou bwè lèt li,
Tankou kremas,
Ou pase l’ nan tout figiw’
Tankou siwo lalwa.

Yo di se sant,
Andanw,
Ki bay plis filinn
M' frotel', m' frotew'
Menm sant, plis filinn...

Ah! Fow ta konn anndanw…


Si Kal Bwa,
Te rankontrew’,
Ou tap fèl’,
Leve nan dòmi,
Paske 5 etwal la,
Ak tout Ginen yo,
Patap fè,
Efè sou li.




Ou bèl,
Bèl ti negrès,
Ou bèl.
Analizew',
Sonjew',
Eksplwatew' !
Kenbew' !
Tankou meriken di;
Etnik.

Kenbew',
Jan Bondye,
Voyew’ la.
Se san fò kreyòl la mwen renmen.


Map karese lonbrit ou,
Map manje pwent,
Lòlòt ou,
Ou konnen m’ renmenw',

Bon biskwit,
bon vyann.
San chimik, san chimerik
San amerik, san afrik.

Inik.


Way cheri! jere mizè ou !"

Jean-Paul GUILLOBEL et  Xavier NÉRETTE

              Avril 2011

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire